Pa egzanp: Kanè, Lèt Prezans, Rapò Pwogrè Elèv Anglè (English Language Learner, ELL) ak Avi ELL

Ale sou Pòtay Paran (Parent Portal) an nan https://wellesley.powerschool.com

Yon fwa ou fin konekte sou Pòtay Paran an, klike sou Rapò Elèv (Student Reports) sou bò goch la.

Ou pral wè rapò timoun ou an nan lis la. Tanpri klike sou non chak rapò pou ka gade l.

Rapò a ap ouvè pou ka gade. La a ou kapab :

  1. Enprime si w swete sa
  2. Depoze siyati dijital ou pou montre ke ou te gade rapò oswa avi a.

Si ou bezwen plis èd, tanpri kontakte portal@wellesleyps.org. Ekip pòtay la disponib Lendi-vandredi 8am-4pm.